• Votre panier est vide.
Rechercher
Image Alt

7 erè grav ki kraze anpil relasyon santimantal

  /  Société   /  7 erè grav ki kraze anpil relasyon santimantal

7 erè grav ki kraze anpil relasyon santimantal

Osman Jérôme1 hr ago

Yon koup k ap travèse difikilte. Foto: iStock

Yon koup k ap travèse difikilte. Foto: iStock

Menm jan nan vi odinè a, nan relasyon santimantal yo, tout moun kapab komèt kèk erè ki mete estabilite akkontinite relasyon an an danje. Dayè, menm jan pa gen moun ki pafè a, konsa tou pa gen koup ki pafè. Men, gen koup ki konstwi sou konfyans, respè, senserite ak lanmou, ki pèmèt diferans ant 2 moun yo konn parèt minim, sa kikonn kreye mwens konfli nan relasyon an. Alò, si nan tout relasyon ka gen diskisyon ak enkonpreyansyon, ebyengen kèk erè grav ki konn presipite kraze relasyon yo. Men 7 ladan yo :

1- Ideyalizayon

Erè sa souvan rive nan kòmansmanrelasyon an, kote youn nan moun yo konn gen tandans gen yon pèsepsyon pafè de nouvo relasyon, li fè yon chema pafè nan tèt li de nouvo patnè sa li gen nan vi l la. Donk, li wè tout bagay yo woz. Ebyen lè li pral l kòmansefrape ak reyalite a, desepsyon yo pral kòmanse parèt, paske atant li te genyen yo pa t rasyonèl. Pou evite pyèjsa, nou dwe aprann konsevwa moun nan, relasyon an aktout enpefèksyon ki ka vini ak yo.

2- Eseye chanje lòt moun nan

Pwiske reyalite a frape yopa rapò ak chema pafè yo te gen nan tèt yo pa rapò akmoun sa ki antre nan vi yo a ak nouvo relasyon sa, ebyenkounya anpil moun konn twouve yo nan sityasyon pou y ap eseye chanje konpòtman ak atitid lòt moun sa. E la aankò se yon lòt erè grav, paske non sèlman se yon tan, enèji ak epwizman emosyonèl w ap pèdi, men moun nan pa p janm chanje nati moun li ye a vrèman. Se vre, genyon seri woutin ak abitid ki ka vin modifye pou yon pi bon fonksyonman relasyon an, men moun nan ap toujourete moun li ye a. Alò, enpòtan se pran tan ki nesesè pou konnen moun ki pra l antre nan vi w la, pou se pa nan mitan relasyon an, pou vin rann ou kont se yon moun kidwe refèt nèt. 

3- Konparezon

Konpare relasyon ou ak relasyon lòtmoun, oubyen konpare moun ki nan vi w la ak yon lòtmoun, se yon gwo pyèj. Menm jan chak moun se yonmoun apa, ebyen chak relasyon se yon relasyon diferan. Se vrèman yon mank entelijans lakay nou, lè n ap konparesa n ap viv nan relasyon nou ak sa n ap gade nan relasyonlòt moun, sitou nan feyton oswa nan fim Oliwoud yo. Enpòtan pou ou, se konstwi yon relasyon apati pèspektivpa w ak valè ou pataje ak moun ki nan vi w la. Konsa, ou pa p bezwen nan konpare relasyon w ak lòt relasyon, oubyen moun ki nan vi w la ak lòt moun. 

4- Rakonte lòt moun sa k ap pase nan relasyon w

Erèsa vin anpil fwa akoz imatirite ki genyen kay moun kiansanm yo. Kote anpil nan yo souvan gen tandans al mache rakonte lòt moun (fanmi tankou zanmi) tout ti detay, menm bagay ki pi entim nan relasyon yo, sitou sa ki negatif yo. Ebyen ap rive yon moman, w ap gen yonpwoblèm ak moun ou, nou te ka rekonsilye byen pwòp, men lè w konnen kantite moun ki gentan konn sa k pase a, li vin tounen yon obstak. San dout, gen sityasyon w ap vivnan yon relasyon, w ap  toujou bezwen omwen yon mou ki pwòch ou pou mete okouran. Men atansyon, moun sa pa oblije yon pwolonjman relasyon w lan, kote l konnende tout sa k ap pase ladan l. Pou evite sa, nou dwe aprannfè prèv matirite. 

5- Toujou vle gen rezon

Gen mouun ki nan vi w, tout saki rive koze yon sousi, yon disfonksyònman nan relasyonan, pa janm gen anyen pou wè ak yo. Se toujou yon sèlmoun ki gen pou wè ak tout aspè negatif nan relasyon an. Relasyon an frèt, yon sèl moun nan. Relasyon pa p mache, yon sèl moun nan. Pa gen pwojè nan relasyon an, se toujou menm moun nan. Men finalman se yon sèlgrenn moun ki nan relasyon sa ? Nan sans sa, nou dweaprann konnen responsabilite yo dwe pataje nan yonrelasyon, soti nan sa k pi piti a pou rive nan sa k pi enpòtan an. Chak moun aprann asime fot ak erè yo, pouavansman relasyon an.

6- Plis repwòch, mwens konpliman

Ou konn nan yon relasyon ak yon moun, ou gen enpresyon pou moun sa oupa janm fè anyen ki bon. Jan w pale, jan w abiye, konpòtman w, efò akademik ak pwofesyonèl ou, anfèt, moun nan toujou ap tann yon okazyon pou l kritike w, repwoche w plis pou yon erè w komèt, pandan li souvanfèmen je l sou kalite w, potansyèl ou kòm moun. Nou dweaprann fè ekilib la. Repwoche, kritike lè se enpòtan, men aprann ankouraje, felisite, konplimante tou lè se nesesè.

7- Atitid obsesif

Nan yon relasyon santimantal, santimanjalouzi pou moun ou renmen an parèt yon bagay natirèl, depi santiman sa tradwi volonte w genyen pou konsèvenon sèlman moun sa nan vi w, men tou sa w ap pataje akli a. Men, lè santiman jalouzi sa kòmanse konvèti l nan yon atitid posesif, kote ou oblije ap siviye, mete kontwòlsou moun nan, sou tout sa l ap fè elatriye, la a genpwoblèm.
 
Nan sans sa, anpil relasyon kraze akoz atitidposesif sa anpil nan patnè yo konn montre. E youn nan erèanpil nan nou konn fè ki koz sa konn rive la, se paske nousouvan panse depi nou ak yon moun, moun sa sispann genvi pèsonèl li, li sispann egziste kòm endividi. Alò, si li nòmal pou mete baliz pou sekirize relasyon ou, men toujou sonje, an plis relasyon sa moun nan pataje ak ou a, li gen pwòp vi pa l. 

Rédiger un commentaire

Register

You don't have permission to register